Teknoloji
Sa k
ChatGPT
a?
ChatGPT se yon fòm entelijans atifisyèl. Yon zouti ki pèmèt ou poze keksyon/mande eksplikasyon epi jwenn yon repons, imaj, teks, video, tankou se yon moun ki t ap pale avè w.
Ou ka mande nenpòt keksyon oswa eksplikasyon/klarifikasyon sou yon sijè. Ou ka menm mande l pou l ekri yon poèm pou ou sou yon sijè epi l ap fè l.
Se yon pwogram trè sofistike ki fòme pou bay repons byen detaye. Al eseye mande l kòman nou ka solisyone pwoblèm yo an Ayiti. Sèlman, pa fè l fè devwa pou ou non, sa rele koken, ri.