Aktivis

/ ak-ti-vis /

non

  1. moun ki angaje aktivman nan yon kòz. K ap travay oswa pledwaye pou yon ide/kòz sosyal ou politik.
  2. yon moun ki angaje nan yon kanpay pou chanjman sosyal oswa politik.
    ‘Lè bòs Awòl remake jan moun yo mal bati kay nan zòn nan, li tounen yon aktivis pou amelyore lwa sou konstriksyon. Li menm òganize plizyè atelye pou bòs nan zòn nan’

adjektif

  1.  karakteristik yon gwoup/antite oswa yon moun k ap travay pou chanjman sosyal oswa politik.
    ‘COH se yon gwoup aktivis ki travay pou lang manman nou an’

Similè: militan, militans, angajman, aktivis