ABC

Alfabè Kreyòl:

W ap tande yo di nan lang Kreyòl la gen 32 lèt. 3 demi vwayèl, 12 vwayèl ak 18 konsòn:  

Demi vwayèl: u, w, y, 

Vwayèl: a, an, è, e, en, i, o, ò, on, ou, oun, ui 

Konsòn: b ch d f g h j k l m n ng p r s t v z  

Men an reyalite lang Kreyòl la gen 26 lèt, 6 vwayèl ak 20 konsòn menmjan avèk lang li sot landan li an; ki se Fransè. Gen lèt nou pa (poko) itilize, tankou (Q) (X). Genyen nou raman itilize tankou (U). E genyen ki mache pi souvan, pou n pa di sèlman, avèk yonlòt (C) (H) (U). 

  • Men alfabè a: A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z 
  • Vwayèl yo se: A E I O U gen defwa Y
  • Konson yo se: B C D F G H J K L M N P Q R S T V W X Z 

Nan lang Kreyòl la gen son spesyal tankou: AN EN ON OU CH UI 

Nou gen aksan RÈD (´ ) ak aksan GRAV (`) ki sèvi pou modifye son kèk lèt (vwayèl), tankou nan O ak Ò, E ak È

Nou ka ekri lèt yo an majiskil (GWO) ouswa an miniskil (piti). Nou ka enprime lèt/mo, tankou lè w ekri nòmal sou yon òdinatè oswa (koube) kole.