Avegle

/ a-ve-gle /

vèb

  1. ki lakòz yon moun pa ka wè tanporèman oswa an pèmanans. anpeche yon moun wè.
    ‘Li avegle Lili pou l ka fè l yon sipriz’
  2. nan sans figiratif: retire/andikape rezonman ak konpreyansyon yon moun. prive yon moun de bon sans li, anpeche l konprann.
    ‘Pa kite lajan avegle w’

Similè: twonpe, twouble