Blaze

/ bla-ze /

adjektif

  1. ki pèdi koulè/briyans li. ki fanne. ki vin pal.
    ‘Yo fè m konnen se abako blaze ki alamòd kounye a’
  2. ki raz, ki pèdi frechè l oswa ki manke gou.
  3. ki imilye oswa ki wont.
    ‘Lè demwazèl la di l li pa vle danse, misye santi l blaze’

vèb

  1. fè yon moun parèt lèd/mal. imilye/ fè yon moun wont.
    ‘Jan l blaze l nan fèt la pa bon, sa pa akseptab’