De
/ de /
chif
- yon pè.
- senbòl nimerik ki vin aprè 1 lè w ap konte. 2.
‘Li fè de pa a goch epi l kanpe’
non
- yon enstriman pwotektif nan kouti. li tankou yon ti chapo an fè ki kouvri dwèt ou pou egwi a pa pike w.
‘Koutiryè sa a renome pou bèl modèl rad li koud a men, li toujou mache avèk de l tout kote l pase’ - ti kib solid ki gen ant 1 a 6 pwen/mak  sou chak bò l ki itilize nan diferan jwèt, pi souvan yo woule yo pa pè.
‘Yonsèl de a pa sifi pou n jwe, n ap bezwen yonlòt’
Sinonim: doub, koup, kouplè, double