Gaye

/ ga-ye /

vèb

  1. fè dega, deranje sak te ranje. dezòdone yon bagay.
    ‘Li kite timoun yo gaye mezi se papye ki te sou biwo a’
  2. etandi/epapiye yon bagay.
    ‘Gaye diri a sou siman an pou l ka sèch’
  3. pwopaje yon bagay.
    ‘Li gaye koze a toupatou’

non

  1. yon dezòdone/dekontwole.
  2. ki pèdi sans nan sa l ap di oswa fè.
    ‘Yo te panse l te yon gaye men se yon maladi mantal li te genyen wi’

Sinonim: epapiye, pwopaje, etandi