Gramè Kreyòl
Gramè Kreyòl la se yon ansanm prensip ak règ pou ede n pale ak ekri Kreyòl byen. Se yon sistèm ak strikti ki ede standalize fason n pale, ekri ak konprann younlòt.
Gramè Kreyòl la se yon ansanm prensip ak règ pou ede n pale ak ekri Kreyòl byen. Se yon sistèm ak strikti ki ede standalize fason n pale, ekri ak konprann younlòt.
W ap tande yo di nan lang Kreyòl la gen 32 lèt. 3 Demi vwayèl, 12 vwayèl ak 18 konsòn:
Demi vwayèl: u, w, y, | Vwayèl: a, an, è, e, en, i, o, ò, on, ou, oun, ui Konsòn: b ch d f g h j k l m n ng p r s t v z
Men an reyalite lang Kreyòl la gen 26 lèt. 6 voyèl ak 20 konsòn, menmjan avèk lang li sot landan l an, ki se Fransè. Gen lèt nou pa (poko) itilize (Q) (X), genyen nou raman itilize (U) e genyen ki mache pi souvan, pou n pa di sèlman, avèk yonlòt (C) (H) (U).
Men lèt yo: A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z
Vwayèl yo se: A E I O U gen defwa Y
Konson yo se: B C D F G H J K L M N P Q R S T V W X Z
Nan lang Kreyòl la gen son spesyal tankou:
AN EN ON OU CH UI
Nou gen aksan RÈD (´ ) ak assan GRAV (`) ki sèvi pou modifye son kèk lèt (vwayèl), tankou nan O ak Ò, E ak È
Nou ka ekri lèt yo an Majiskil (GWO) ouswa an miniskil (piti). Nou ka enprime lèt/mo, tankou lè w ekri nòmal sou yon òdinatè oswa (koube) kole.