Jako

/ ja-ko /

non

  1. zwazo a tay mwayen, koulè vif ak gwo bèk. yo se omnivò, yo manje vyan e ni fwi/vejetab. gen nan yo ki ka repete sa moun di. anpil moun renmen yo pou koulè yo e paske yo ka imite vwa moun.
    ‘Jako sa sonnen w a di se yon moun, tèlman l pale klè’
  2. yon moun k ap repete sa l tande san l pa konprann, reflechi oswa verifye.
    ‘Nou rele misye jako repèt telman l renmen repete sa l tande nan radyo san l pa konprann ni verifye’

Sinonim: pèwokè