Jennen

/ jen-nen /

adjektif

  1. ki kontrarye oswa anbarase.
  2. ki pa konfòtab. ki pa alèz. ki wont.
    ‘M santi m jennen lè l di koze sa’
  3. yon bagay kwense/piti.
    ‘Li fè m pase nan yon korido jennen’

vèb

  1. mete nan yon sitiyasyon difisil.
    ‘M jennen l jiskaske l ban m verite’
  2. rann enkonfòtab.
    ‘Prezans li jennen m anpil’

Similè: wont, anbarase, piti, etwat