Kouraj

/ kou-raj /

non

  1. kalite sila ki brav. abilite pou konfwonte oswa fè yon bagay ki fè w pè.
  2. ki pa pè defann sa k bon ak jis menm lè sa ka koute l chè.
    ‘Li gen kouraj bay verite malgre l konnen l  ka pèdi travay la’
  3. fòs moral/mantal pou pèsevere ak fè fas a danje, perèz ak difikilte.
  4. ki fè sa ki dwat/jis menm si pa gen moun k ap gade oswa k ap konnen. 
    ‘Menm si mèt travay la pa la, li  toujou gen kouraj pou l fè travay li jan l dwe fèt la’
  5. rezistans anfas soufrans, doulè ak chagren. ki pa pè soufri pou defye obstak ak danje ki anfas yo.
  6. fòs fizik. 
    ‘Ou gen kouraj, gade gwosè chay w ap leve’

Sinonim: fòs