Kouraj
/ kou-raj /
non
- kalite sila ki brav. abilite pou konfwonte oswa fè yon bagay ki fè w pè.
- ki pa pè defann sa k bon ak jis menm lè sa ka koute l chè.
‘Li gen kouraj bay verite malgre l konnen l ka pèdi travay la’ - fòs moral/mantal pou pèsevere ak fè fas a danje, perèz ak difikilte.
- ki fè sa ki dwat/jis menm si pa gen moun k ap gade oswa k ap konnen.
‘Menm si mèt travay la pa la, li toujou gen kouraj pou l fè travay li jan l dwe fèt la’ - rezistans anfas soufrans, doulè ak chagren. ki pa pè soufri pou defye obstak ak danje ki anfas yo.
- fòs fizik.
‘Ou gen kouraj, gade gwosè chay w ap leve’
Sinonim: fòs
