Li

/ li /

pwonon

  1. twazyèm pwonon pèsonèl.
  2. itilize pou refere/reprezante yon moun, bèt oswa yon bagay.
    ‘Ou mèt wè l piti men li pa pran nan presyon non’
  3. itilize pou demontre posedans/bagay yon moun posede.
    ‘Majori byen pran swen jaden li’

Kontraksyon: L

vèb

  1. mantalman entèprete konbinezon lèt/senbòl ki ekri
  2. gade epi konprann sinifikasyon sa k ekri.
    ‘Tout timoun dwe konn li anvan 7 an’
  3. jwenn enfòmasyon/aprann yon bagay atravè sa k ekri.
    ‘Se nan jounal Mwen li ouvèti lekòl la’
  4. fason yon moun entèprete yon bagay.
    ‘Lè m byen li bagay la, M reyalize M pa t gen rezon fè sa’