MANMAN

PA JANM MÒDE

PITIT LI JOUK NAN ZO

Nou dwe toujou gen mizèrikòd pou pwochen nou. Menm si pwovèb sa nan yon sans ap pale de jan tretman moun ki pwòch nou yo pa janm fin twò di, e kòlè yon manman toujou limite pa lanmou l pou pitit li.

Men pwovèb sa a raple nou pou n trete younlòt avèk konpasyon. Li fè n sonje jan nou dwe pini pou korije men pa pou elimine ak detwi. Lese koreksyon ak pinisyon nou yo gide pa lanmou.