Ou

/ ou /

pwonon

  1. dezyèm pwonon pèsonèl.
  2. itilize pou refere oswa adrese a moun w ap pale a.
    ‘Fòk ou aprann gramè Kreyòl ou’
  3. itilize pou demontre posedans/bagay yon moun posede.
    ‘Retounen nan peyi ou pou w ka viv pi byen’

Kontraksyon: W

konjonksyon

  1. itilize pou ofri yon chwa. ofri altènativ.
    ‘Nwa ou ble sa w pi renmen?’
  2. endike yon ensètitid.
    ‘Te gen 2 ou 3 moun nan chanm nan’

Sinonim: oswa, oubyen, osnon