PLIRYÈL AN KREYÒL

Jan w ka remake l nan plizyè lang, ajoute s devan yon mo eksprime pliryalite (plizyè bagay, moun oswa bèt) men an Kreyòl nou eksprime pliryèl yonlòt fason. Nou ajoute “yo” aprè mo a. Tankou timoun yo, tab yo eks… Si w ajoute yon detèminan avan mo a, pa mete “yo” aprè l. Tankou, “Madan Alix gen 2 timoun” pa “Madan Alix gen 2 timoun yo.”  Si w ajoute “yo” l ap chanje sans fraz la.