Redi

/ re-di /

vèb

  1. debat pou yon rezilta. travay di, sibi oswa goumen/milite kont obstak oswa yon fòs opozan.
    ‘Manman Ayisyen redi anpil pou pitit yo ka byen soti’
  2. pouse pou akonpli yon bagay.
  3. rale yon bagay. 
    ‘Redi kòd la pou l ka byen sere’ 

non

  1. yon lit. yon goumen.
    ‘Se nan yon redi pou ti gason sa a manje’

Sinonim: lite  lit  fòse