Revolisyon

/ re-vo-li-syon /

non

  1. chanjman radikal ki fèt onsèl kou/briskeman.
  2. yon chanjman fondamantal nan panse ak fason w wè yon bagay.
    ‘Vrè revolisyon Ayiti bezwen an, se yon revolisyon mantal’
  3. yon ranvèsman lòd sosyal an favè yonlòt sistèm. mouvman pou fondamantalman chanje sitiyasyon sosyo-ekonomik la.
  4. chanjman yon gouvènman pa fòs pou kreye yonlòt sistèm. yon koudeta.
  5. yon vire won apati de/alantou yon pwen fiks/aks. wotasyon.

    ‘Latè fè yon revolisyon pa jou alantou solèy la’

Similè: chanjman, wotasyon