Sofistike
/ so-fis-ti-ke /
adjektif
- yon moun byen kiltive. yon moun rafine.
- ki demontre yon nivo sajès, eksperyans ak edikasyon avanse.
- ki gen stil ak bon gou nan abiman. ki toujou alamòd.
‘madanm sa a toujou vin la a abiye byen sofistike’ - ki gen yon nivo konpleksite elve, e ki mande bon jan refleksyon ak konpreyansyon pou sezi oswa jere.
‘Machin sa a twò sofistike pou yon moun opere l san fòmasyon’
Sinonim: elegan