Ki sa k emosyon an?

Pa vreman gen yon definisyon syantifik tout moun dakò sou li men yo di; emosyon se eta biyolojik ki asosye a sistèm nè w, ke ou santi newofizyolojikman a chanjman nan panse, santiman, reyaksyon ak yon nivo kontantman oswa mekontantman. 

An bon Kreyòl, se reyaksyon w sou sa k pase nan anviwonman w epi w itilize mo pou w dekri l. Epi akòz anviwonman w chanje de tanzantan, li nòmal pou emosyon w chanje tou. Ou ka te an kolè avan w te kòmanse li teks sa a, men kounyè a, kè w kontan pou bèl definisyon mo emosyon an. Ale non, ou mèt ri. Nou ba w pèmisyon. 

O! Anvan w fin ri. Èske w se on moun ki pase majorite tan w a kè kontan? Ou ka ekri n pou fè n konnen [email protected]