Ki fache w fache?

Gen fache epi gen FACHE. Tout fache pa menm e tout fache pa jere menm jan. Men 7 mo ki ka ede w idantifye ak eksprime fache pa w la. 

  1. Fristre
  2. Vekse 
  3. Anmède
  4. Enève/Nève
  5. Kontrarye
  6. Annwiye
  7. Anbete

Lè w fin jwenn mo ki ede w idantifye ak eksprime fache pa w la, chache yon fason pou w jere l. Pa dòmi sou li e ni pa kite l dekontwole w.