TOUT TAN

OU GEN TÈT

ESPERE MET CHAPO

Pwovèb sa a ranfòse enpòtans espwa. Sa vle di pinga w janm pèdi espwa. Gen de obstak oswa sitiyasyon nan lavi ki ka fè w santi tout bagay fini pou ou. Li ka fè w santi anyen pap janm chanje. Ou ka menm santi finisman lavi ka pi bon.

Ebyen pwovèb sa a demanti santiman sa a. E l fè n sonje ESPWA toujou la e nou pa dwe janm pèdi espwa. Depi w vivan ESPWA la e byen vivan tou.