Teknoloji

Sa k
Megaoktè
a?

Nou Itilize Me-ga-o-tèk pou mezire pwa yon lojisyèl, fichye, oswa pou kantifye/mezire enfòmasyon ki sou yon òdinatè/tablèt/telefòn, kantite l ka pran ak nivo memwa l.

Nivo memwa yon òdinatè, tablèt oswa telefòn enpòtan, paske l detèmine rapidite l. Sa ka eksplike rezon k fè l te pran w tout tan sa anvan w te wè sit Diksyone a.

Si se an Ayiti ou ye, se ka minit ou ki pa mega, ri. Ou konn mega vle di yon bagay ki laj oswa yon milyon, pa vre? Ebyen nan teknoloji, yon megaOktè se anviwon yon milyon ekèk oktè. N a gentan di w sa yon oktè ye, pou kounyè a, al chache yonlòt bagay pou w fè.

MegaOktè