Avèg

/ a-vèg /

adjektif

  1. ki pa ka wè nan je akoz de yon maladi/enfimite oswa yon aksidan. ki soufri yon enfimite ki afekte vizyon l.
    ‘Akoz li pa kontwole sa l ap manje, maladi sik la fè l avèg’
  2. nan sans figiratif: ki manke konprann. yon mank konsyans, pèsepsyon ak disènman.
    ‘Si w di w pa wè sa w ap fè a pa bon, konnen w avèg’

non

  1. yon moun ki pa ka wè. ki pa wè nan je.
    ‘Li se yon avèg, men li fè anpil bagay pou kont li’
  2. yon moun ki pa gen bon jijman. ki pa konn sa l ap fè. ki pèdi bon sans li.