BONDYE DI

FÈ PA W

M A FÈ PA M

Rete tann san w pa fè sa ou menm ou ka fè se yon move mès. Pwovèb sa se yon fason pou fè n reyalize li pi fasil pou jwenn moun ede w lè w kòmanse ede tèt ou.

Ou bay moun plis ankourajman pou yo ede w, lè yo remake ou vle e w ap ede tèt ou.