Fòse

/ fò-se /

vèb

  1. presyon fizik oswa sikolojik aplike sou yon moun pou l fè yon bagay kont volonte l. egzije yon bagay fèt sou/malgre kontrent/objeksyon.
    ‘Fòse timoun aprann metye l pa renmen pa yon bon ide’
  2. itilize fòs pou pouse, enflyanse oswa egzije yon bagay fèt.
    ‘Direktè a fòse travayè yo vin travay a lè’
  3. fè yon bagay avèk fòs fizik.
    ‘Li fòse yonlòt kle nan pòt la ki tou gate seri a’

non

  1. yon anvi, dezi pou fè yon bagay ki twòp pou ou.
    ‘Misye gen yon fòse k pran l, l al achte yon machin li pa menm ka peye’

Sinonim: pouse, egzije