Sa k Teknoloji a?
Èske w konn definisyon Teknoloji? Èske w konprann sa teknoloji ye? Majorite moun lè yo tande teknoloji yo panse a òdinatè, telefòn ak tablèt. Men teknoloji plis ke bagay sa yo. E gen plizyè kategori/tip teknoloji. Tankou teknoloji medikal, agrikòl/pwodwi, konstriksyon, edikasyonèl e latriye.

Men kèk definisyon teknoloji pou ede w pi byen konprann sa teknoloji ye.
Teknoloji se branch konesans ki gen pou wè ak jeni ak syans aplikab.
Devlopman machin ak ekipman apati de konesans syantifik.
- Aplikasyon konesans syantifik pou rezon pratik. Espesyalman nan endistri.
Definisyon jeneral e senp lan se: syans/konesans ki aplike pou solisyone pwoblèm oswa syans/konesans ki itilize pou envante zouti k pou itil moun.
Pwochèn fwa w tande mo teknoloji a, panse a lòt teknoloji yo e kòman yo ka ede transfòme lavi nan peyi nou.