Teknoloji

Sa k
Wi-Fi
a?

Wi-Fi se yon teknoloji ki pèmèt òdinatè, telefòn entèlijan ak lòt aparèy konekte sou entènèt oswa kominike antre yo san fil.

Esansyèlman, sa vle di ou ka navige sou entènèt la san pye w pa pran nan fil telefòn ni kab entènèt. Kounyè a w konn sa l vle di, degaje w pran vòl tankou yon kap san fil, vwayaje kote w vle nan mond vityèl la. 



Anpasan, si w vle montre zanmi w yo jan w s on savan san-fil, ou ka eksplike yo; pou w konekte sou yon Wi-Fi, w ap bezwen omwen non ak yon mopas, si mèt Wi-Fi a mete yon mopas sou li. Lè w fin fè djolè, sonje di yo kote w jwenn enfòmasyon sa a, ri.

Wi-Fi