Kat

/ kat /

chif

  1. senbòl nimerik ki vin apre 3 lè w ap konte. 4.
    ‘M konte kat moto wouj ki gentan pase la’

non

  1. ti moso papye oswa plastik pwès souvan an fòm rektang ki gen enfòmasyon sou li. tankou kat idantite, kat kredi, kat biznis, kat pou okazyon spesyal. kat sa yo konn prezante sou fòm dijital tou.
    ‘Yo te mal eple non m nan kat idantite m nan, M te oblije al refè l’
  2. youn oswa plizyè kat ki sèvi pou jwèt tankou bezig, pokè, elatriye.
    ‘Rebat kat la, pou m ka jwenn yon bon men’
  3. an jewografi: yon ilistrasyon latè oswa yon pati nan planèt la sou papye oubyen dijital.

Similè: katriyèm