Yo

/ yo /

pwonon

  1. pwonon pèsonèl pliryèl.
  2. itilize pou refere a plizyè lòt moun oswa yon moun/gwoup ki pa idantifye.
    ‘Yo di elèv yo pa kouri men yo pa tande epi y al tonde nan rigòl la’
  3. itilize pou demontre posedans/bagay yon moun posede.
    ‘Yo rekonsilye paske yo vin konprann ke padon nesesè pou yon vi agreyab’

Kontraksyon: Y

detèminan

  1. itilize pou endike/eskprime plis ke yonsèl bagay. ki endike pliryèl.
    ‘Mete chez yo anndan pou mwen silvouplè’

eksklamasyon

  1. enfòmèlman itilize pou rele/atire atansyon moun. eksprime yon sipriz/eksitasyon.
    ‘Yo! vini m pale w’